Aprann Jodi a, Reyisi Demen
Metrize AI, Maketing Dijital, Kreyasyon Kontni ak Biznis sou Entènèt avèk fòmasyon pratik ki prepare w pou ekonomi dijital la.
Domèn Ou Pral Metrize
Sublimation
Aprann kreye ak vann pwodwi pèsonalize.
Business
Aprann òganize, lanse ak devlope biznis ou.
Graphic Design
Kreye logo, flyer ak kontni vizyèl.
Artificial intelligence
Sèvi ak AI pou kreye kontni ak fè pwomosyon.
Fòmasyon nou yo
Pwogram Sètifikasyon ki Kreye Vrè Konpetans
Fòmasyon Anliy Pou Prepare W Pou Siksè
- Leson videyo detaye ak resous pratik pou ede w metrize chak sijè.
- Egzèsis ak pwojè reyèl pou aplike sa w aprann yo.
- Eksplikasyon klè ak senp pou aprann pi vit epi pi byen.
- Aktivite pratik ki ede w devlope konfyans ak eksperyans.
- Aksè a yon sètifika apre ou fin konplete fòmasyon an avèk siksè.
Misyon Nou
Ede antreprenè ayisyen yo, espesyalman fanm yo, devlope konpetans modèn, bati biznis dirab, epi pwofite opòtinite teknoloji ak inovasyon pou kreye yon avni ki pi pwospè.
Klas An Dirèk ak Sipò Pèsonalize
Pa aprann poukont ou — resevwa gidans ak sipò pandan tout fòmasyon ou.
- Patisipe nan klas an dirèk epi kominike dirèkteman ak fòmatè yo.
- Poze kesyon, jwenn repons klè ak konsèy pratik an tan reyèl.
- Resevwa sipò pèsonalize pou ede w avanse pi vit nan aprantisaj ou.
- Aprann estrateji modèn pou itilize AI, maketing dijital ak zouti biznis sou entènèt.
- Aplike sa w aprann yo atravè egzèsis ak pwojè reyèl.
- wenn yon sètifika ofisyèl apre ou fin konplete fòmasyon an avèk siksè.
VIZYON
Vin premye kominote fòmasyon ak devlopman antreprenarya an Ayiti, kote antreprenè yo jwenn konesans, sipò ak zouti modèn pou bati biznis solid, dirab ak pwofitab.
Istwa Mwen
Mwen se Coach Mikyss, fondatè BLA Academy. Depi 2025, mwen chwazi envesti nan tèt mwen, aprann nouvo konpetans epi sèvi ak konesans mwen pou devlope biznis mwen. Chemen an pa t toujou fasil. Mwen te oblije aprann etap pa etap, fè rechèch, teste nouvo lide epi kontinye avanse menm lè mwen te gen dout.
Pandan eksperyans sa a, mwen te remake anpil fanm ak antreprenè gen talan ak bèl lide, men yo pa toujou jwenn bon direksyon, sipò oswa zouti yo bezwen pou yo kòmanse. Se sa ki te pouse mwen kreye BLA Academy.
BLA Academy se yon espas aprantisaj ak devlopman pou moun ki vle kreye, aprann epi grandi. Nou ede manm nou yo devlope konpetans nan biznis, branding, maketing, entèlijans atifisyèl, pwodwi dijital ak travay handmade. Nou montre yo kijan pou yo transfòme sa yo konnen ak sa yo renmen fè an yon biznis ki byen òganize.
Kisa Etidyan Nou yo di